Search
Close this search box.
[gtranslate]
Search
Close this search box.
[gtranslate]

Home

Sigarèt Klasik, Chicha, ak Sigarèt Elektronik: Yon Konparezon Detaye sou Konsekans Yo sou Sante”

Par Filostine Jean-Baptiste

Mibalè, Haiti (Parole Sante360): 22 Desanm 2023- Risk ak Konsekans Tabak sou sante: Tabak la gen yon pakèt sibstans chimik ki ka lakòz anpil maldi grav, tankou kansè nan poumon, maladi kè, ak anpil lòt. Men, pou kòmanse, nou pral gade sou kòman chak fòm pwodui yo fè avèk tabak oswa ki gen nikotin ladan yo ka afekte sante moun.

Sigarèt Klasik/Traditionèl: Sigarèt sa yo gen ladan yo sibstand chimik tankou goudwon, nicotine, kabòn monoksid, ki kapab lakòz depandans ak maladi tankou kansè nan poumon, enfeksyon nan trache, ak plizyè lòt maladi. Se yon vrè kouto a 2 tranchan pou sante moun.

 

Chicha: Chicha se yon fason diferan moun fimen, men se menm danje a. Li gen sibstans tankou nikotin, kabòn monoksid, ak goudwon ki ka lakoz kansè ak lòt maladi grav. Gen moun ki ta vle fè kwè fimen chicha gen mwens danje danje parapò ak sigarèt tradisyonèl, men rechèch yo montre pa vre. Si yon moun fimen oswa rale chicha 50 fwa pandan 1 èd tan, li egal ak si moun sa te fimen 2 pake sigarèt (sigarèt tradisyonèl). Chicha gen gro konsekans sou sante ni pou moun kap fimen an, ni pou moun kap respire li nan antouraj yo. Chicha ka menm pi danjere pase sigarèt tradisyonèl. Pami kek malady moun ka pran nan fimen chicha gen enfeksyon ak kansè nan poumon, nan bouch, ak nan lestomak, maladi kè ak nan veso sangen yo, gen risk pou fi ansent ki fimen ou respire lafimen chicha fè yon BeBe ki fèt ak malfòmasyon, ki pa byen devlope, ki fèt avan lè, li ka fè avòtman tou. Etid yo montre ke moun kap fimen chicha gen anpil risk pou pran viris èpès ak epatit nan pase chicha de bouch a bouch.

 

Sigarèt Elektronik: Sigarèt elektronik libere vapè san goudwon ak kabòn monoksid, men se pa vle di li pa reprezante yon danje sou sante moun. Li toujou gen sibstans toksik ki ka bay kansè. Konsidere lòt opsyon avan ou deside fimen vapo a.

 

KONSEY pou yon vi an sante: Fimen, sou kelkeswa fòm, gen konsekans grav sou sante. Sèl mwayen pou pwoteje tèt ou ak fanmi w, se kite fimen an. Si ou bezwen sipò, chache jwenn èd yon pwofesyonèl ki ka ede w antre nan yon pwosesis sispann fimen. Pa janm bliye, sante ou se yon richès ki pa gen pri.

Scroll to Top