Tragedi nan Coral Springs: Vis Majistra Nancy Metayer Bowen Mouri nan Vyolans.

Getting your Trinity Audio player ready...
Please follow and like us:
Pin Share

1 Avril 2024 – Coral Springs, Florid — Kominote Coral Springs la anba gwo chòk apre nouvèl lanmò Vis Majistra Nancy Metayer Bowen, ki  mouri anba bal jodi Mèkredi a nan yon ensidan lapolis ap mennen ankèt sou li kòm yon posib ka vyolans domestik. Mari li, Stephen Bowen, se prensipal sispèk la e li deja anba men lapolis.

Selon enfòmasyon otorite yo bay, lapolis te resevwa apèl ki te rapòte plizyè kout bal nan kay koup la. Lè ajan yo rive sou plas, yo dekouvri Metayer Bowen deja mouri. Ankèt la te kòmanse apre yon zanmi Nancy ki tap eseye rele li pa t rive jwenn li. Zanmi an te kontakte mari li, men fason li te reponn lan te fè zanmi an vin enkyete, sa ki pouse li rele lapolis.

Apre dekouvèt trajik la, otorite yo lanse rechèch pou Stephen Bowen. Sistèm sekirite pou li plak machin te idantifye machin li nan vil Plantation. Lapolis nan Konte Broward te rive arete li yon ti tan apre nan yon apatman kote li te kache.

Nancy Metayer Bowen te gen 38 an. Pitit imigran ayisyen, li te fè istwa an 2020 lè li te vin premye fanm nwa ak premye fanm ayisyano-ameriken ki te eli Komisyonè vil Coral Springs kote li te reeli ankò kòm Vis Majistra.

Plizyè moun nan kominote ap sonje Nancy Metayer Bowen kòm yon lidè ki te gen kè pou sèvi lòt moun. Li te toujou ap defann kesyon lojman abòdab, pwoteksyon anviwònman, ak opòtinite pou jèn yo.

Lanmò li kite yon gwo vid nan vil la. Pandan kominote a ap fè dèy, otorite yo di ankèt la ap kontinye pou konprann egzakteman sa ki te pase.

EMAIL
Facebook
X (Twitter)
LINKEDIN
Share
Copy link
URL has been copied successfully!

Tragedi nan Coral Springs: Vis Majistra Nancy Metayer Bowen Mouri nan Vyolans.