Kriz Libète Laprès Ozetazini: Jounalis Mario Guevara Toujou nan Prizon Malgre Desizyon Lajistis

Getting your Trinity Audio player ready...
Please follow and like us:
Pin Share

Miami, 10 Jiyè 2025 — Plizyè semèn aprè ICE arete jounalis Mario Guevara pandan li t ap fè travay li, jounalis la toujou dèyè baryè prizon, malgre yon jij te bay lòd pou lage li.

Mario Guevara, jounen jodi a, se sèl jounalis ki nan prizon Ozetazini yon peyi ki toujou prezante tèt li kòm defansè libète laprès. Malgre yon jij federal te bay lòd pou lage li sou kosyon $7,500, otorite imigrasyon yo refize mete l an libète, e pito klase li kòm “moun ki pa ka libere sou kosyon,” yon desizyon ki mete li an detansyon ilegal.

Guevara, ki soti El Salvador, ap viv legalman Ozetazini depi plis pase 20 ane. Yo te arete li pandan li t ap kouvri yon manifestasyon “No Kings” nan zòn Atlanta. Tout akizasyon kont li te abandone pou mank prèv. Yon jij te otorize libre li depi 1 Jiyè 2025 a, men ICE kontinye kenbe li san rezon valab.

“Se yon vyolasyon lalwa trè grav,” dapre Katherine Jacobsen, kòdonatè Komite pou Pwoteksyon Jounalis (CPJ) pou Etazini, Kanada ak Karayib la. “Guevara se sèl jounalis ki pèdi libète li aktyèlman Ozetazini poutèt travay li. Sa se yon atak dirèk sou libète laprès.”

Malgre yon desizyon klè soti nan tribinal la, ICE kontinye kenbe Guevara nan prizon, ap transfere li soti nan yon nan sant detansyon pou mete li nan yon lòt, san okenn jistifikasyon legal. Komite pou Pwoteksyon Jounalis (CPJ) mande pou otorite yo libere li san pèdi tan, epi lanse yon apèl bay kominote entènasyonal la pou mete presyon sou gouvènman Ameriken an.

Guevara se pa sèlman viktim yon arestasyon ilegal; li vin tounen senbòl lagè k ap fèt kont laprès lib nan yon peyi ki ta dwe sèvi kòm modèl demokrasi.

 

EMAIL
Facebook
X (Twitter)
LINKEDIN
Share
Copy link
URL has been copied successfully!

Kriz Libète Laprès Ozetazini: Jounalis Mario Guevara Toujou nan Prizon Malgre Desizyon Lajistis