Lanmò Dieudonné J. Larose : mizik ayisyèn pèdi yon lejand

Getting your Trinity Audio player ready...
Please follow and like us:
Pin Share

Pa Marc Andre Jean

Montréal, Kanada — Mizik ayisyèn an dèy. Gran chantè, mizisyen ak kreyatè Dieudonné J. Larose mouri vandredi 8 janvye 2026 nan Kanada, peyi li te chwazi kòm tè d’adopsyon. Atis la te gen 80 an, li te fèt 5 jen 1945. Lanmò li make fen yon misyon istorik, men li louvri pòt sou yon eritaj kiltirèl ki pap janm efase.

Dieudonné J. Larose se youn nan figi ki pi enpòtan nan mizik ayisyèn modèn nan. Avèk chan ki vin tounen referans tankou « Accident », « Mandela » ak « Jolie Minou », li te rive mare mizik ak mesaj, emosyon ak konsyans, pandan li t ap touche plizyè jenerasyon an Ayiti ak nan dyaspora a.

Atis la te plis pase yon chantè. Li te enstrimantis, stilis ak mizisyen konplè, ki te konnen kijan pou adapte talan li ak epòk li t ap travèse yo. Pandan karyè li, li te kolabore ak plizyè gwoup mizikal renome tankou Shoogar Combo, Dixie Band, DP Express, Méridional de Montréal ak Missile 727. Chak gwoup sa yo te benefisye de sans kreyatif li, disiplin li ak vizyon atistik li.

Apre eksperyans kolektif sa yo, Dieudonné J. Larose te kontinye chemen li kòm atis solo, kote li te konfime plas li kòm yon pilye nan mizik ayisyèn. Avèk plis pase karant ane dedye a mizik, li kite dèyè yon repètwa rich, fèt ak chan ki vin tounen zèv kiltirèl intemporel.

Lanmò Dieudonné J. Larose se yon pèt enpòtan pou kilti ayisyèn nan. Sepandan, vwa li, melodi li ak mesaj li yo ap kontinye viv atravè mizik li te kreye yo ak memwa kolektif pèp ayisyen an. Istwa mizik Ayiti pap ka rakonte san non li.

Jodi a, fanmi li, pwòch li, fanatik li ak tout kominote kiltirèl la rann omaj a yon atis ki te sèvi peyi li ak diyite, pasyon ak talan. Misyòn li fini, men eritaj li ap rete vivan pou tout tan.

— Marc Andre Jean

 

EMAIL
Facebook
X (Twitter)
LINKEDIN
Share
Copy link
URL has been copied successfully!

Lanmò Dieudonné J. Larose : mizik ayisyèn pèdi yon lejand