Mezi Entèdiksyon Vwayaj Kont Sitwayen Plizyè Peyi, tankou Ayiti, Antre an Vigè Jodi a, 9 Jen 2025.

Getting your Trinity Audio player ready...
Please follow and like us:
Pin Share

Washington, D.C. – 7 Jen 2025 – Nan kad yon nouvo Proklamasyon Prezidansyèl pou ranfòse sekirite nasyonal ak sekirite piblik, Etazini ap sispann totalman oswa pasyèlman delivrans viza pou sitwayen 19 peyi. Mezire sa a antre an aplikasyon apati 9 jen 2025, a 12:01 a.m. EDT, dapre Direksyon Depatman Deta Etazini an ak an akò ak Depatman Sekirite Teritoryal (DHS).

Proklamasyon an, ki pote tit “Restricting the Entry of Foreign Nationals to Protect the United States from Foreign Terrorists and Other National Security and Public Safety Threats”, vize aplike mezi sevè pou kontwole aksè sou teritwa ameriken an, atravè pwosesis verifikasyon solid ak otomatize.

Peyi ki sibi sispansyon total

Etazini ap sispann tout viza imigran ak non-imigran, eksepte kèk kategori limite, pou sitwayen peyi sa yo:
Afganistan, Birmani (Myanma), Tchad, Repiblik Kongo, Gine Ekwatoryal, Eritre, Ayiti, Iran, Libi, Somali, Soudan, ak Yemèn.

Peyi ki sibi sispansyon pasyèl

Pou sitwayen peyi sa yo:
Biwandi, Kiba, Laos, Siera Leone, Togo, Tirkmenistan, ak Venezyela, Etazini ap limite viza B-1/B-2 (vwayaj ak biznis), F, M, J (etidyan ak echanj), ansanm ak viza imigran, eksepte pou kèk ka espesifik.

Eksepsyon Prevwa

Sistèm eksepsyon yo enkli:

  • Viza diplomatik ak ofisyèl

  • Viza pou fanmi imedya sitwayen ameriken (madanm/mari, timoun, paran)

  • Adopsyon pa sitwayen ameriken

  • Viza pou minorite etnik/oswa relijye ki sibi pèsekisyon (espesyalman soti Iran)

  • Viza pou anplwaye gouvènman ameriken (SIV)

  • Rezidan legal pèmanan (LPR)

  • Patisipan nan gwo evènman espòtif entènasyonal

Sekretè Deta a oswa reprezantan li kapab otorize eksepsyon siplemantè si vwayaj la sèvi yon enterè nasyonal. Depatman Jistis kapab tou evalye ka endividyèl sou baz enterè sekirite kritik.

Klarifikasyon pou Moun ki Deja Gen Viza

Proklamasyon sa a pa afekte viza ki te deja delivre anvan 9 jen 2025. Sitwayen etranje ki deja gen yon viza valab pa sibi restriksyon sa yo. Moun ki pa gen viza kapab toujou soumèt aplikasyon, men yo ka pa elijib pou resevwa li selon dispozisyon Proklamasyon an.

EMAIL
Facebook
X (Twitter)
LINKEDIN
Share
Copy link
URL has been copied successfully!

Mezi Entèdiksyon Vwayaj Kont Sitwayen Plizyè Peyi, tankou Ayiti, Antre an Vigè Jodi a, 9 Jen 2025.

Scroll to Top